Ayiti Analytics ap ba w plis chwa ak nouvo kou li yo!

Atelye ak kou entansif

Kisa w pral aprann?

  • Bon pratik reyinyon a distans yo ak bon itilizasyon Google Drive

  • Devlope pwojè kote plizyè moun kapab kolabore sou li

  • Konsèp de baz GIS yo epi kijan pou w entèvni nan yon sitiyasyon ijans

  • Itilize diferan etap nan pwosesis Syans Done ak Python

Ki konpetans w ap vin genyen?

  • Agile, Asana

  • Google Drive, Docs, Sheets, Meet, Calendar

  • Jupyter Notebook, Google Colab

  • Python, Pandas & Numpy, Web Scraping

  • Tableau, Power BI

Enfòmasyon sou kou yo

  • Sètifika

    W ap resevwa yon sètifika Ayiti Analytics apre chak kou

  • Ki kote e ki jan

    An pèsòn: 09, Delma 75, Pòtoprens Difize Anliy: via Zoom

  • Ki nivo

    Nou rasire w kou yo aksesib pou moun nenpòt nivo. N ap chèche moun ki kirye e ki gen volonte pou aprann. Ale nan chak kou pou w gen plis detay.

  • Kou yo

    Lis kou yo nan 2 kategori: Atelye ak Kou Entansif

  • Kantite tan

    Seri Atelye: 4 - 8 èdtan e plis Kou entansif: 4 - 6 semen

  • Peye

    MonCash se youn nan mwayen pou w peye kou yo (Kat Kredi, Paypal)

Kesyon Moun Konn Poze

  • Poukisa m dwe enskri nan kou Ayiti Analytics yo?

    Ki rezon ki pouse w poze kesyon sa? Si w gentan wè lis kou yo, e ou wè yon kou ki enterese, san dout ou rann ou kont gen nouvo konpetans ou merite genyen. N ap envite w regade lis kou yo, epi pran san w pou w chwazi sa ou vrèman bezwen an.

  • Èske yon sètifika Ayiti Analytics gen valè?

    Antanke laboratwa syans done, ekip Ayiti Analytics la analize bezwen ki genyen an Ayiti ak sou mache mondyal la, apresa yo pwopoze yon fòmasyon. Kidonk, kou yo pran an kont vrè pwoblèm ki genyen. Epi pèmèt ou menm devlope konpetans pou w kapab apwoche yo e menm rezoud yo.

  • Èske m ap bezwen gen laptòp?

    Non. Ou pap bezwen pote laptòp.

  • Ki jan pou m peye kou yo?

    Ou ka peye ak MonCash / Visa / Mastercard / PayPal

  • Ki jan m ap fè konnen lè m peye mwen enskri toutbon?

    W ap resevwa yon imèl konfimasyon Ayiti Analytics k ap swete w “Byenvini!”

  • Èske gen lòt kòb m ap bay apre mwen fin peye yon kou?

    Non. Ou peye yon sèl fwa.

  • Si m bezwen yon kou Ayiti Analytics pa bay li, kisa m ka fè?

    Ou kapab pataje sa avèk nou, klike nan seksyon BEZWEN ÈD la ki pi ba.

  • Ki kote m ka ale si mwen gen lòt kesyon?

    Ou ka ekri nou nan [email protected] . Tanpri byen li ribrik KESYON MOUN KONN POZE a anvan, si enfòmasyon w bezwen pa ladann nou envite w ekri nou. Ou ka ale tou nan seksyon BEZWEN ÈD la ki pi ba.

Enstriktè nou yo

Yvel Marcelin

Enstriktè

Gradye nan Universté D’Etat D’Haïti (UEH) nan Faculté de Sciences Nan Genie Electronique, Yvel gen yon metriz MBDS (Mobiquité, Bases de Données et integration Systèmes) nan inivèsite Sophia Antipolis de Nice de France. Li gen plis ke 7 lane eksperyans nan kreye, reyalize ak jere baz de done epi nan Enfòmatik Entrepriz Desizyonèl Pou kounya Yvel ap suiv yon pwogram espesyalizasyon Nan Aprantisaj Machin epi Entèlijans Atifisyèl (AI).

Morgan Mendis

Enstriktè

Morgan Mendis se yon syantifik de done ki spesyalize nan kreye model desizyon ak vizyalizasyon pou pataje enfòmasyon konplèks. Li te konsiltan pou plizyè tip òganizasyon soti nan ti biznis pase nan òganizasyon pou rive nan "Leverage Data Analytics" epi kreye sistèm efikas. Morgan te resevwa yon metriz B.A nan syans ekonomik nan inivèsite entènasyonal Florida, yon master nan sistèm enjenyè nan inivèsite Virginia. Pasyon Morgan se sante piblik, devlopman ekonomik ak dirabilite anvironnmantal. Nan tan lib li, li pratike espò masyal epi aprann nouvo lang.

Ayiti Analytics

Ayiti Analytics se yon lidè nan zafè Edikasyon Syans Done. Nou itilize teknoloji emèjan pou prepare moun ak òganizasyon pou fès fas ak chajman rapid k ap fèt nan mache travay la atravè lemonn.