Kisa w pral aprann

  • Travay a distans kisa l mande

  • Travay pandan w lakay ou kisa l enplike

  • Siyati elektwonik, skane dokiman

  • Baz Cloud, Google Drive

  • Zoom, Google Search, Asana

  • Bon pratik reyinyon anliy / kreye yon espas travay ki priyorize sante w

Ki konpetans w ap vin genyen

  • Kolabore ak ekip travay ou

  • Konekte epi enteraji ak ekip travay nan videyo konferans

  • Pratik ki efikas pou bay fidbak

  • Aprann rezoud pwoblèm teknik yo chak jou

Kijan kou a òganize

Fòmasyon sou Zouti Dijital pou Travay a Distans la òganize nan 1 sesyon. Aprantisaj teyorik ak pratik fèt anmenmtan pou fasilte konpreyansyon epi pèmèt devlope konpetans ki nesesè yo lapoula. Gen enstriktè k ap gide w pandan tout seyans yo, epi reponn tout kesyon w genyen. Kou sa fèt pou moun tout nivo, sa ki deja ap travay anliy oswa ki entèrese nan travay a distans.

Enstriktè

Yvel Marcelin

Enstriktè

Gradye nan Universté D’Etat D’Haïti (UEH) nan Faculté de Sciences Nan Genie Electronique, Yvel gen yon metriz MBDS (Mobiquité, Bases de Données et integration Systèmes) nan inivèsite Sophia Antipolis de Nice de France. Li gen plis ke 7 lane eksperyans nan kreye, reyalize ak jere baz de done epi nan Enfòmatik Entrepriz Desizyonèl Pou kounya Yvel ap suiv yon pwogram espesyalizasyon Nan Aprantisaj Machin epi Entèlijans Atifisyèl (AI).

Sètifika Ayiti Analytics garanti

Peye ak MonCash / Visa / Mastercard / PayPal